Lanmou Nou Pou Ayiti Poem by Hebert Logerie

Lanmou Nou Pou Ayiti



Lanmou Nou Pou Ayiti

Lanmou nou pou Ayiti
Pa gen dout la dan li
Lanmou nou pou Ayiti Cherie
Gen anpil emosyon la danli.

Sa fè anpil rekolt kafe
Depi ke zot ap badijonin nan nan yon si bèl peyi
Ke yo te rele nan bon franse
La Perle des Antilles.

Anpil la lin pase
Depi ke mal pou ront sa yo
Kretin tèt shat e move egzile
Te debaba, kraze a gogo
Ayiti, yon ti kwin ki sakre.

Mezanmi, pou jis kounye a:
Kidnaping, mizè, koripsyon,
Kadejak, krim, lanmò, la pèrè
Anpil manti tounin gro vè
Nan tout kò ti peyi sila.

Anmwe, zantray nou pat soufri
Pou tout vye kondisyon
Sa yo, zot mete lanfè nan peyi sila
Yo tounin Lisifè nan vian pouri
Anmwe map voye pisa shat nan figi
Volè gramè sa yo, paske yo pa rinmin Ayiti
E pi yo fou pou yo dirije yon si bèl peyi.

Bon Dye, vini sove nou
Pèp nou dèyè yon Frè ki pa fou
Youn ki gin lanmou
Pou Ayiti e pou pèp anba tant yo
Nou pa vle volè, ni eskanmotè po
Bèf, ni volè po koshon, ni sikè
Ki toutt tan kap fè
Move bagay nan ti paradi
Ke papa ak manman nou te kite pou toutt
Ayisyin ki ap viv nan nan nan e loin peyi Dayiti.

Kè nou pa kontan, nou toutt
Estomake, yo toujou di Ayiti pòv
Ayiti sal, nou vle ke sa chanje
Ayiti ape vinn pi bèl, Ayiti ginyin nou toutt
Ayiti Toma bèl kilot ble et roujpa pòv.


Lanmou nou pou Ayiti
Li etènel e tou natirel
Lanmou nou pou Ayiti Cherie
Ap toujou rete inkondisyonel.

Copyright© Janvier 2010, Hebert Logerie, Tous Droits Réservés
Hébert Logerie est l'auteur de plusieurs recueils de poèmes.
/www2.xlibris.com/bookstore/bookdisplay.aspx? bookid=58359


Our Love for Haiti…

Our love for Haiti
Remains steadfastly unconditional.
Our love for this beloved country
Remains obviously emotional.

For a quarter of a century,
The others did not do too much,
For this yesteryearparadise island.

For more than a dozen years,
The incompetent and spurious leaders,
The opponents and the exiled ones
Also ruled this precious piece of land.

So far, no significant improvement…
Corruption, theft, poverty,
Kidnappings, death, mismanagement
Lies, excuses and misery …

This is not the hell that our forefathers died for…
I can tell you more, I can prove you more.
God Almighty, there is a constant and eternal search
For real leadership, unlike the bad ones
That we have had unfortunately over the last centuries.

We are tired of seeing Haiti among the poorest countries.

Our love for Haiti
Is sadly emotional.
Our love for this poverty stricken country
Remains simply unconditional.

Copyright© January 2010, Hebert Logerie, All Rights Reserved
Hébert Logerie is the author of several poetry books: "Monts et Vallées de l'Amour' (in French) and ‘Mounts and Valleys of Love" (in English) .
/www2.xlibris.com/bookstore/bookdisplay.aspx? bookid=58359

COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success