Yè Ak Jodi A Poem by Hebert Logerie

Yè Ak Jodi A

Rating: 5.0

Li evidan, yè ak jodi a
Se de jou diferan
Bagay yo chanje chak jou
Men, kantite reyon soley la
Pa chanje
Nan apeprè menm ranje.

Yè se te yon gwo jou
Jodi a se yon jou diferan
Moun deplase tankou zegwi nan yon revèy
Bagay yo chanje chak jou
Menm aganman ki kache anba yon wòch
Okenn moun pa ka rete menm jan
Sinon, nou tap vin pi fou
Nou ka akize, nou ka jwen fòt
Tan ap kontinye kouri tankou yon tren
Tankou yon bal ke yon vakabon tire.

Saturday, October 24, 2015
Topic(s) of this poem: today
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success