Dlo Koule Nan Jem Pou Ayiti Ankò Poem by Hebert Logerie

Dlo Koule Nan Jem Pou Ayiti Ankò

Ayiti se peyi ke mwen renmen
Se la ke mwen te fèt
Se la ke mwen te pran premye respirasyon
Se la ke mwen te pran premye enspirasyon
Se la ke mwen te wè premye ti zwazo
Se la ke mwen te wè premye bèlflè
Se la ke mwen te wè premye bèlfanm
Se la ke viv mwen te komanse
Ayiti mwen pa bezwen rime
Poum eksprime santiman ke mwen pou ou
Ayiti mwen renmen ou anpil
Ou se mamanm ou se papa mwen
Dlo sale ap koule nan je mwen ankò
Nouvèl ki soti de Ayiti youjou tris
Nouvèl yo pa janm bon
Nouvèl Dayiti se grangou, mizè ak lanmò
Se move bagay ke nou wè nan video
Se move nouvèlke nou tande nan nwit
Se move bagay ke nou wè e tande tout la jounen
Lè mwen wè ki jan ke ofisyel li yo piye li
Ki jan mwen wè ki jan ke yo vòlè Ayiti
Ki jan mwen wè ke pwop pitit li krache sou li
Ki jan mwen wè ki jan ke yo fè konplo sou tèt li
Kijan mwen kijan ke yo imilye Ayiti ak tout pitit li yo
Ki jan mwen ke siklònn finn kraze Ayiti
Ki jan mwen wè tranbleman de tè fini
Ak Ayiti, yon peyi ki pase anpil mizè
Dlo anvayitout twou nan je mwen ankò
Map mande Bondye fòs maten an ankò
Dlo koule nan je mwen ankò
Lè mwen wè ki jan Ayisyen rayi Ayisyen
Ki jan ke Ayisyen ap touye Ayisyen parey yo
Kijan Ayisye mete di fe nan peyiDayiti
Kijan ke Ayisyen maltrete pwòp peyi yo
Dlo paka sispann koule nan je mwen
Mwen gen lontan ke mwen pap viv an Ayiti
Absans mwen pa vle di ke mwen pa renmen Ayiti
Anpil Ayisyen konpetan ap viv en deyò Dayiti
Anpil nan nou pa gen chwa, anpil nan nou
Oblije kanpe lwen paske nou pa gen chwa
Dlo paka seche nan jem pou Ayiti
Ayiti se yon peyike mwen renmen anpil
Anpil Ayisyen fè nou ront pou nou rele
Tèt nou Ayisyen natif natal. Map prye pou Ayiti
Anpil nan nou ap krye pou Ayiti
Se konsa anpil nan nou ap boule peyiDayiti
Anpil prezidan finn piye peyi Dayiti
Anpil senatè finn piye peyi Dayiti
Anpil depite finn piye peyi Dayiti
Anpil minis finn piye peyi Dayiti
Anpil ofisyèl finn piye peyi Dayiti
Peyi Dayiti pa gen kò ankò, li pa gen pwèl ankò
Ayiti pa yon bèlfanmm ankò
Ayiti pa yon bèl manman ankò
Ayiti pa yon bèlmounankò
Ayiti pa la pèl dè zantiy ankò
Ayitikounye a se pil fatra
Se kote gangstè ap dirije
Se kote vòlè tou patou, tout kote
Dlo paka rete koule nan je mwen
Paske lanmou kem gen pou Ayiti
Peyi natif natal mwen san kondisyon
Dlo ap koule nan je mwen, mwen tris
Mwen pa kapab fè anyen pou Ayiti
Pou kò mwen. Ayiti bezwen tout pitit li yo
Pou li ka vinn bèl ankò
Ayisyen, sispann vòlè Ayiti
Sispann kraze, boule e krache sou Ayiti
Sispann vann peyi Dayiti ba etranje
Ba peyi kipa renmen Ayisyen
Kap imilye Ayiti e Ayisyen chak jou
Ayisyen, Ayisyen ouvrije nou
Ayisyen, Ayisyen ouvri kè nou
Pou nou ka renmen Ayiti Cheri
E pou nou ka renmen Ayisyen
Pou nou ka ini, fè yon sèlkò
Pou nou ka renmen Ayisyen parèy nou
Ayisyen, sispann reve, reveye, leve, leve
Sispann, stop, sispann dòmi, li fè jou
Solèy la ouvri je li,lap klere
La linn nan na syèl la,lap klere
Lanwit, kòm la jounen
Lèm panse a Ayiti Toma, pòv Ayiti
Se dlo ki kontinye koule nan je mwen
Dlo ap kourinan je mwen pou Ayiti ankò.


Copyright © 28 Septanm2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezèvè
Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi.

Saturday, September 28, 2019
Topic(s) of this poem: justice,love
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success