Divòs se pa la fen, rèn mwen an
Sispann aji tankou yon lyònn
Bagay yo dròl, lavi fèt ak vale e mònn
Pran pasyans! Aprann navige bato an.
Divòs se pa lanmò, bèl flè dete
Solèy la pa klere chak jou Bondye mete
Nou ta dwe pran lavi a jan li vini an
Lespwa mache ak lavni, sa se chemen an.
Fòk ou ri yon ti kras e souri anpil
Sa bon pou la sante ak le vizaj
Gade anlè pou ou ka wè anpil nwaj.
Fòk mwen eksprimem poum pa vinn fou
Se sa map fè kounye a la, bèl ti fi
Sonen klòch la, poum ka vinn o sekou ou.
Copyright © fevriye 2020, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.