Fanm, Fanm Nan Nanm Mwen Poem by Hebert Logerie

Fanm, Fanm Nan Nanm Mwen

Fanm nan nanm mwen
Fanm ki sansib
Fanm ki dous kwè sic
Fanm, o fanm tout nanm mwen
Fanm ke mwen sere nan bwa mwen
Fanm, fanm ki gen vwa swa
Fanm ki konn bam jwa
Fanm ki dòmi byen anba pwa mwen
Fanm, fanm ke mwen renmen
Mwen adore ou tankou van o printan
Fanm, o fanm nan kinam
Ou se nanm mwen e ou se kem
Fanm ki renmenm epi ki blamem
Fanm, ke mwen renmen ak tout fos mwen
Mwen renmen ou ak tout pouvwa mwen
Fanm, fanm, ou pafè
Ou se sous lavim, ou se yon bèl flè
E ou se sèv mwen. O fanm nanm mwen
Fanm, fanm, o madanm mwen.

Copyright © Janvye 2018 Logerie Hébert, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè a nan plizyè koleksyon powèm.

This is a translation of the poem Woman, Woman Of My Soul by Hebert Logerie
Wednesday, January 3, 2018
Topic(s) of this poem: soul,woman
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success