Istwa Repete Tèt Li Poem by Hebert Logerie

Istwa Repete Tèt Li



Malerezman
Pa chans
Oswa erezman
Istwa nou repete tèt li
Menm jan, wi seryezman
Dèt yo vinn pi mal
Menm reskyè e menm lènmi
Pa gen alye e pa gen okenn zanmi
Se menm vye aktè sanzave yo
Se non yo ki diferan sèlman
Sa lakòz gen anpil vòl, malè
Krim, la pèrè, rimè e move son
Istwa nou repete tèt li
Avèkmenm vye lide pòv e sal yo
Nou kontan, nou selebre san rezon
Vakabon nan lari ap danse
Zòt te gen rezon se bayo tafia
E pi se mete baton nan dada yo
Pandan ke peyi ak kofre anba dèt
La wont, Imilyasyon e eksplwatasyon
Peyi nou an an agoni
Ti souf li san lè koupe
(Sa se yon vye lide komik
Anba matyè fekal chen yo
Se kote maladi, mikwòb ak viris ap viv)
Lakay gen twòp souflantyou ak malandrin
Eske nou tande chante sa: Pater Noster e Filius
E Spiritus Sanctus. Nou fatigue ak tenten sa yo
O, mwen konprann, se lè pou nou al an ekzil?
Malerezman e ironikman
Gravman e seryezman.

Copyright © Me 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon pwezi.

This is a translation of the poem The Story Repeats Itself by Hebert Logerie
Saturday, May 18, 2019
Topic(s) of this poem: history
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success