Ou Trè, Trè Espesyal Pou Mwen Poem by Hebert Logerie

Ou Trè, Trè Espesyal Pou Mwen

Ou se yon dyaman; ou trè espesyal pou mwen.
Mwen pap janm ka repeye ou, manman mwen.
Mwen dwe ou mond lan, plis ke yon moun ka imajine.
Mwen trè rekonesan anvè ou. Sa ta yon peche
Si mwen pata di anpil bèl bagay de ou.
Mwen renmen tout bagay, tout sa ke ou fè.
Ou trè entelijan, bon travayè e espesyal anpil
Pou mwen. Ou se yon etwal, yon potomitan e yon zanj
Nan syèl la ke mwen te wè nan rèv mwen yè swa.
Ou se bon zanmi mwen e ou toujou gen rezon.
Wi, tout bon. Ou trè espesyalpou mwen.
Ou se yon limyè kap gide'm e yon pye mapou pou mwen.

Copyright © Fevriye 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se yonotè plizyè liv pwezi

This is a translation of the poem You Are Very, Very Special To Me by Hebert Logerie
Friday, February 1, 2019
Topic(s) of this poem: angel,light,star
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success