Mwen Nan Lapenn Poem by Hebert Logerie

Mwen Nan Lapenn

Neye nan tristès
Mwen nan lapenn
Demen maten bonè
Opti jou, cherim nan
Anvan kòk yo
Kòmanse chante
Anvan tout sè yo
Kòmanse kriye
Anvan tout frè yo
Kòmanse rele anwey
Anvan klòch yo
Kòmanse krake ak kariyonnen
Anvan pòv kè mwen
Pèdi tout fòs kòm yon resò ki vinn
Fèb, ki pa kapab pote ankò
Sou zepòl li tout chaj, tout pwa
Mond sila ki gen yon imè ki si tris
Mwen santim sèl e dezespere
Mwen tris anpil. Mwen pap wè ou anko
Mwen p'ap ka pran sant pafen ou ankò
Manyen ou epi fè bèl jwèt avèk ou ankò
Fè ti zye dou ak ou epi renmen ou ankò.

Koulye a, ou ale, ou ale
Avèk van an tankou yon bèl ti chante
Ki gen yon ton dròl
Bagay yo mal, yo fòl
Koulye a, koulye a ou fini
Se vre ke ou mouri, ou mouri
Mwen santi'm reyèlman move
Mwen santi'm totalman atriste
Tout plezi fini, tout bon plezi ale
Mwen fache. Mwen pap tande pale de ou ankò
Mwen p'ap ka ri, griyen dan avèk ou ankò
Chita sou bèl janm ou epi kriye avèk ou ankò
Fè bon beze pou ou epi, epi renmen ou ankò.

Copyright © septanm 2020, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

This is a translation of the poem I Am In Mourning by Hebert Logerie
Thursday, September 17, 2020
Topic(s) of this poem: death,death of a friend,sad,sad love,sadness
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success