Nap Fété Tout Manman Poem by Hebert Logerie

Nap Fété Tout Manman



Jodia a sé fèt tout manman
Nap fete ak tout kè nou tout manman
Manman nèg, manman milat, manman blan
Manman zoazo, manman elefan
Manman pov, manman riche, manman ki frekan
Manman ki travay kwè yon bèt pou ede pitit li
Manman ki batay pou lonè peyi Dayiti.

Mwen rinmin tout manman
Tout manman bèl
Tout manman soti nan sièl
Tout manman gin fièl
Pou yo ka lite avèk la vi ki pa fasil
Mwen rinmin manman pam nan anpil
Ak tout kè mwen, map selebre tout manman
Manman ki malad, manman ki nan traka
Manman ki mouri, manman ki pa la.
Bonne et heureuse fête à toutes les Mamans.

COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success