Revolisyon, Evolisyon, Devosyon, Revolisyon Poem by Hebert Logerie

Revolisyon, Evolisyon, Devosyon, Revolisyon

Revolisyon an dwe kòmanse avèk ou
Evolisyon dwe kòmanse ou li dwe sòti nan nanan ou
Anvan ou al rekrite oswa konvenk
Nenpòt lòt moun. Ou fèt pou ou aji kwè yon Prens
Oswa yon Prenses ki vle amelyore tout bagay
Pou yon bon chanjman radikal pou tout moun
Fòk ou entelijan, dedye, vanyan e rezistan
Revolisyon se yon zam ki pwisan
Nou pa fèt pou itilize mo saalalejè
Revolisyon se yon chanjman dramatik aparamman
E fondamantalman pou yon bon sosyete
Li difisil pou gen yon revolisyon pasifik
San san pa koule. Mwen pa tolere vyolans
Sepandan, sa fè patide pwosesis la. Yon istwa ki san sans
Anjeneral yo pranl kòm yon blag. Si ou vle wè yon revolisyon
Fòk ou fè yon gwo sakrifis e fòk ou menm mouri pou pasyon sa
Pou la libète ak la pè,pou byennèt ak jistis pou tout moun
Sispann pale de revolisyon, si ou pè mache tèt an lè
Pri ou peye pou la libète se yon risk ke ou ka pèdi lavi ou. Fòk ou brav
Pou ou goumen pou sa ki bon pou tout moun. Pa aji kòm yon esklav modèn
Pa aji kòm yon achèt figi, kote yon lidè chwazi manje tout benefis yo
Fòk ou se yon patisipan ki fò, yon bon revolisyonè pou tout moun
Revolisyon an dwe kòmanse avèk ou kòm yon bon e gran sitwayen
Ki pa pè goumen pou la libète, respè ak egalite pou tout moun.

Copyright © jen 2019, Hébert Log, Tout Dwa Rezève.
Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi

This is a translation of the poem Revolution, Evolution, Devotion, Revolution by Hebert Logerie
Tuesday, June 11, 2019
Topic(s) of this poem: peace,revolution ,change,evolution,justice
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success