Nou Fèt Pou Nou kot kote
Ke nou te ye
Kote nouye
Kounye a
Kote nou prale
Demen nan la matine
Zòt paka kontinye ap bafwe
Nou konsa
Fòk tout bagay chanje
Fòk nou fè la Tè tranble
Nou fè sa déjà
Le premye janvye 1804
Kote zòt te pran 4 pat
Nèg nwè te di ase, ase
Nou fout libere
Tèt nou
Nou fout pran libète
Gran moun nou
Vivre libre ou mourir
Hayti ne peut pas mourir.
Copyright © Jwen 2022, Hébert Logerie, Tous droits réservés
Hébert Logerie se otè plizyè liv powèm.