Ayiti Cheri Pap Mouri Poem by Hebert Logerie

Ayiti Cheri Pap Mouri

Rating: 5.0

Haiti Thomas pap mouri
Min Ayisyin ap mouri
La jounin kou nan nwit
La mizè fè mikalaou
Se sa ki fè ke anpil nan yo fou.

Ayisyen ap soufri
Depi ti peyi si la fèt
Gro peyi ki pote gro bot an fè
Fè Ayisiin kon lanfè
San yo pa mouri
Yo fè Ayisyin operasyon
San yo pa bayo anestezi
Yo ba Ayisyen pwazon
Nan farin sinistre
Yo bay yo move lèt, ak poul mouri
Pou yo ka fè pitit ki andikape
Ki pa gin tèt, ni kou, ni pye
HaÏti Chérie pap mouri
Min Ayisiin ap kontinye soufri.

Ayisyen ap viv nan labou
Yap fè marinad ak labou
Yap domi nan labou
E yap manje nan labou
Map priye pou bagay yo chanje
Map rele anmwe pou Aysiin chanje
Si Haïtiens pa chanje
Peyi Dayiti Cheri
Ka vin yon premie peyi
Kap peri, kap mouri
Ayiti pa bwat fatra
Se pou Aysyen sispan viv nan fatra
Nan labou, nan vye tratra, a la traka
Ayiti pap mouri
Min Aysiin ap soufri
Map rele anmwe, anmwe
Pou Ayiti pa mouri
Anmwe, fout tonè, anmwe
Pou Aysiin ka viv
Kwè tout moun ki ap viv nan yon peyi
Ayiti pap mouri, Ayiti pap fout
MOURI, Ayiti pap mouri
Sa se radote, se nou tout
Ki pou ede Haiti
Se nou nout, nout tout
Ki pou ameliore la vi an Ayiti
Anmwe, nap rele viv Ayiti
Epi nap vole li, nap krache sou li
Nap koupe kou li, nap van li
Nap pale li mal, anmwe Ayiti pap mouri
Paske Haiti pa gin la vi
Haiti pa yon moun, se yon peyi
Min jan ak tout lot peyi
Aysyen gin la vi
Se yo kap pedi
Se yo kap soufri
Se yo kap pouri
Se yo kap mouri
La jounin kwè nan nwit.
An nou ede HaÏti Chérie
Ak tout Aysyen kap soufri
Pou nou ka sove Ayiti Cheri.

Copyright© 3 Octobre,2015 Logerie Hébert, Tous Droits Réservés
Hebert Logerie est l'auteur de plusieurs recueils de poèmes.

Ayiti Cheri Pap Mouri
Monday, October 5, 2015
Topic(s) of this poem: misery,poverty,exploitation
POET'S NOTES ABOUT THE POEM
This poem is dedicated to all Haitians. Haiti will not die. This is also a message to the Haitian politicians who are raping Haiti, and stealing from the poor people of Haiti.
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success