Ban Nou La Pè, Kite Nou Viv Poem by Hebert Logerie

Ban Nou La Pè, Kite Nou Viv

Kite nou viv, fout kite nou viv
Nou pa pare pou nou kite
Kounye a, nou pa vle ale
Fout kite nou viv, lese nou viv.

Nou pa vle mouri
O! Seyè, nou vle viv
Kounye a, nou vle viv
Sa se la verite. Se pa manti.

Kite nou an repo, kite nou viv
Lavinèg nwè enpòtan
Lavitoutt minorite enpòtan
Nou pa vle kite, nou vle viv.

Nou gen toutt dwa pou nou viv lib
Lib de britalite e danmèdman
Seyè, li twò bonè poun mouri. Nou lib
Mwen swete ke sa pa dènye mo nou an.

Pa anmède nou, kite nou fout viv
Nou gen san nan vèn nou, nou se pitit Adan ak Èv
Fout kite nou viv nan la pè, kiten pou nou ka viv
Li panko lè, wap fèn viv yon koshma, yonmove rèv.

P.S. Powèm sa se pou tout frèm ak sèm ki pedi lavi yo anba zago
Move polisye yo, anba jenou toutt vye rasis yo.

Copyright © jen 2020, Hébert Logerie, tout dwa rezève.
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.

This is a translation of the poem Leave Us Alone, Let Us Live by Hebert Logerie
Sunday, June 28, 2020
Topic(s) of this poem: death,deaths,life,lives
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success