Bare Vòlè, Arete Tout Vòlè Poem by Hebert Logerie

Bare Vòlè, Arete Tout Vòlè

Men yo kraze e kase tout kès peyi a
Yo menm eseye vòlè nèg maron
Arete vòle yo, men yo nan yon gwo kamyon
Vòlè sa yo finn gaspiye e piye peyi a
Kote kòb Petwokaribe a?
Pèp la fatige ak la soufrans, la mizè
Salte, fatra, malpwopte
Vol, piyaj e inpinite
Pèp la grangou pou la pè
Pèp la bezwen manje
Lekòl, travay ak sekirite
Bare vòlè, arete tout vòlè
Investige e jije tout eskanmòtè
Pou nou ka gen la jwa e la pè
Aba tout vòlè kap simen la mizè
Pèp la bezwen la pè nan vant
Pèp la pa renmen viv anba tant
Bare vòlè, kinbe vòlè
Investige tout move vòlè
Nou pa vle dezòd
Mete tout vòlè anba kòd
Aba la pwostitisyon
Aba la koripsyion
Anmwey bare vòlè
Anmwey kinbe vòlè
Anmwey gade vòlè
Anmwey arete vòlè
Anmwey kote tout kòb la?
Anmwey kote tout lajan peyi a?
Anmwey bare vòlè
Anmwey kinbe vòlè
Anmwey gade vòlè
Anmwey arete tout vòlè.

Copyright © Oktòb 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè ki piblye plizyè liv de pwezi.

Sunday, October 14, 2018
Topic(s) of this poem: corruption
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success