Chak 18 Mé Poem by Hebert Logerie

Chak 18 Mé

Chak 18 mé, anpil Ayisyin
Sonje ki moun ke yo te ye
Chak 18 me, yo vale yon ti grin
Patriotik, yo sonje kote
Yo soti. Yo sonje ki moun ke
Yo ye. Yo se Ayisyen natif natal
Pa gin oken kabal nan sa
Ya fete minm jan ke yo fe nan kanaval
Yo chante, danse, e pi yo bwè anpil tafia.

Yon bon Ayisyin fete drapol chak jou
Yo renmen peyi Dayti 365 jou
Nan yon ane. Yon bon Ayisyin pwoteje
Peyi li, li pa volè, li pa gaspiye, li pa piye
Li renmen Ayiti 365 jou ke Bon Die mete
Yon bon Ayisyen rinmin Ayisyen parey li
Li rinmin peyi Dayiti ak tout kè li.

Chak 18 me, nou fete bel drapo nou an
Mwen fete bèl drapo sa ki nan kem tout tan.


Copyright © Mé 2017 Logerie Hebert, tout dwa rezève
Hebert Logerie se otè plizyè liv de powèm.

Thursday, May 18, 2017
Topic(s) of this poem: flag
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success