Kriye, Rele Anmwey, Epi Kraze Rak Ou Poem by Hebert Logerie

Kriye, Rele Anmwey, Epi Kraze Rak Ou

Doulè ke ou te andire
Sonje ke gen blesi ki pap janm geri
Kriye, rele anmwey, epi kraze rak ou
Tanpri, tanpri pa plante okenn gren ankò
Kite la pli a tonbe, kite dlo a koule
Natirèlman. Kanpe lwen flèch la
Manmzèl se yon fran tirè. Sot nan rout la
Deplase osi vit ke ou kapab. Kanpe trè lwen
Li se yon sansi ki visye. Azizwèl sa pa bon
Li pa zanmi ou. Sereplat manje a
Ouvè je ou zanmim. Kriye, rele, epi deplase vit
Estrès, maltèt ak chagren pa dous
Tanpri, pa fè li konfyans. Rèv li se pou detwi ou
Lèl fini avèk ou, wap plin devenn, plen pwoblèm
Paske li vle ak tout fòs kraze kannkes ou
Lap fè ou fou, detounen ou, lap fè ou wè doub
Mwen konnen ke anyen pa fasil ni gratis
Tanpri rete kalm, rilaks, pa al nan lagè
Li pa vo pyew; lavi a trò bèl
Li pa vo pyew; lanmò se remò
Pou moun ki soud ak moun ki gen tèt di
Kriye, kraze rak, epi kite lansan an boule
Lè yon nonm fou de yon fanm ki pa vlew ankò
Kriye, rele anmwey, epi kraze rak ou
Sa se yon tan pèdi, sa ye yon move foli
Kriye, priye anpil, epi kraze rak ou.
.

Copyright © Me 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi.

This is a translation of the poem Weep, Bleed, And Move On by Hebert Logerie
Wednesday, May 16, 2018
Topic(s) of this poem: heartache,heartbreak
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success