Lè Yo Joure Lili Poem by Hebert Logerie

Lè Yo Joure Lili

Lè yo joure Lili
Yo joure nou tout
Ki renmen la libète
Yo joure tout moun an Ayiti
Bondie fan djol nou tout
Pou nou ka di la verite
Pou nou ka pale ak tout fòs nou
Pou nou ka denonse tout moun fou
Tout vakabon kap volè
Tout chen kap jape nan lè
E pou nou mete deyò tout sa ki two lou nan kè
San nou pa blese frè ak sè nou ki vle la pè.

Ti Lili pa pou les zingra
Ti Lili se pou les zintim
Li pa pou vakabon san zestim
San vergogne, ki pa ka kinbe yon plim
Pou ekri bèl ti pawol, bèl ti panse
Pou chame fanm ki vanyan, ki zele
Kap travay, e ki konn batay pou la libète.

Lili se yon bèl flè ki di la verite
Pèson moun pa ka achte Lili
Li pa pou van nan mache
Lili se yon poto mitan an Ayiti
Kite san sal, san zave yo joure
Yo pa konn ront, yo trayi
Peyi Dayiti depi ke yo pa respekte
Pèp sa kap soufri, kap mouri
Nan grangou, nan mizè
Pep sila panko konpran sa kap pase
Se sa ki fe ke vakabon sa yo ka pale
Pep sila ke yap volè, ke yap piye
Pèp sila, pèp vanyan mande la pè
Lè ke yo joure ti Lili
Yo joure nou tout
Kap viv nan peyi Dayiti
Yo joure tout moun kap soufri
Yo avili nou tout
Yo abize pep swadizan djaspora
Kap pimpe tout tan gwo dola
Pou konbat ignorans, grangou ak mizè
Nou bezwin la pè, nou mande respè
Nou mande jistis, bare volè
Aba la koripsyon, aba la mizè.

Copyright ©, fevrye 2018, Hebert Logerie, Tous droits réservés

COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success