Mwen Toujou Rève,Mwen Rève Ankò Poem by Hebert Logerie

Mwen Toujou Rève,Mwen Rève Ankò

Mwen toujou rève, mwen rève ankò, Mesye e Mèdam
Chak swa, nan bra lanm lanmè yo. Mwen wè madanm
Mwen kap dòmi, li fatige, lap ronfle tou prem. Li tou konn
Rève. Li vire, akroupi, li voye bral e pyel san yo pa sispann.

An verite, mwen rève tout lajounen, Mesye e Mèdam.
Lavi se yon fim kap tounen tout tan. Lavi se yon dram,
Yon sonj kontinuèl e inik ki defye reyalite nan tan sa.
Lavi a lèd tankou yon makak e li bèl tankou Roz de Lima.

Mwen toujou rève anpil jounen dwòl, lè tan an fè trè bon,
Pa gen okenn mal, povrete, anpil doulè, soufrans e resantiman.
Mwen wè renn nan ap benyen nan solèy, epi yon timoun ap danse.

Plizyè koup ap anbrase, fè ti bo sou plaj la kote ke sab la cho e byen joli
Mwen toujou rève, mwen rève ankò. Yon rèvè se yon moun kap panse.
Nan tèt li gen kache yon sèvo, kote ap viv yon prentan ki pap janm fini.

Copyright © Avril 2020, Hébert Logerie, tout dwa rezève.
Hébert Logerie se yon otè plizyè koleksyon powèm.

This is a translation of the poem I Always Dream, I Still Dream by Hebert Logerie
Monday, April 6, 2020
Topic(s) of this poem: dream,dreams
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success