Sonje te gen yon tan?
Pa twò lontan
Ti cheri, nou pat two vye
Nou te piti e twè chaman
Nou te inosan
Nou te konn benyen nan letan an
San nou te jèn e kè nou te kontan
Tout bagay te pafè
Epi nou tap viv nan lapè
Bagay yo pa menm jan ankò
Nap toufe, neye nan pwoblèm
Kounye a
Nap reve tankou de koulèv
Nap goumen kòm de delinkan
Sa tris, sa komik, sa malouk
Nou aji tankou de gwo elefan
Nou konpòte tèt nou kwè de opozan
Nou ap viv anba yon solèy cho, nan move tan
Bliye tout ravaj ke siklòn nan te fè
O! Sikatris dire pou yon bon bout tan
Malgre tout sa yo, nou dwe avanse pi douvan
Li bon pou nou dòmi e reve nan bon van
Tan an ka seche e detwi tout move san
Wi tan ka efase tout vye zègrè dantan
Sonje ke te gen dè bon vye tan?
Copyright © Novanm 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.