Nou Pa Pran Yon Grap Plezy Pou Nou Kritike Poem by Hebert Logerie

Nou Pa Pran Yon Grap Plezy Pou Nou Kritike

Pesonn moun pa pran yon grap plezi
Pou nou kritike gouvènman kap volè
Ki inkonpetan, ki visye, ki eskanmòtè
Ki ap piye, ki ap devore kom yon gro mimi
Nou priye Bon Dye chak pou bagay yo chanje
Pou nèg ki sou pouvwa pran konsyans
Pou yo kabay tèt yo e peyi a yon ti chans
O kontrè yo vinn pi mal, yo vinn pi anraje
Mezanmi, pèp la soufri twòp, sa vinn kwè
Yon chanson. Nap mande si nèg sa yo gen yon kè
Nan kòff lestomak yo. Paske yotwò fòr nan piye
Nou pa pran plezi pou nap kritike oken gouvènman
Oken shouk bwa, senatè, depite, e menm prezidan
Kè nou pa kontan lè ke nou wè kijan ke peyi a sal
Dlo rigòl yo santi, pa gen rout, pa gen bon kanal
Pa gen ijyène, e pi gro chèf yo ap kouri gro machinn
Salòp yo bati gro chato nan dè zòn ki pa gen latrinn
Mezanmi yo twò salòp. Yo achte kay nan NYC, Miami
Boston, Sen Domeng e nan lòt peyi, nan lòt paradi
Pandan ke yo kreye yon lanfè nan peyi Dayiti
Mezanmi sa se yon trayizon, se la mor, vinn pa gen lavi
Nan yon bon ti peyi ki gen anpil soley, anpil bon moun
Ki vinn ap touye tou. Vinn gen anpil djab ki sou moun
Gro la sent jounen. Nou pa renmen kritike pèsonn moun
Men nou pa gen chwa lè bagay yo makaron, lè koripsyon
Depase yon limitt. Nou vle ke peyi a al nan yon lòt direksyon
Nan yon lòt chimen kote ke tout moun ka manje alèz, fete
Jan yo vle. Nou vle yon pi bon peyi, kote ke nou ka mache
Kouri nan lari ki pròp, kote ke pa gen grangou e bònn sekirite
Fòk nèg sa yo chanje paske pèp la pa sòtt, pèp la konprann
Pèp la pa avèg, pèp la konn diferans antre fig e bannann
Pèp la pa bezwen yon palman ki pi mal ke lè 2 divalye
Bay peyi a yon « break », sispann vòlè, piye e gaspiye.

Copyright © 6 Mas 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezèvè
Hébert Logerie se yon otè ki ekri nan plizyè lang.

Wednesday, March 6, 2019
Topic(s) of this poem: corruption
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success