Pèp Ayisyen, Ouvri Je Nou Poem by Hebert Logerie

Pèp Ayisyen, Ouvri Je Nou

Pèp Ayisyen ouvri je nou
Pou nou ka wè sa kap pase nan tout twou
Nan nou tout kwen peyi Dayiti
Bagay yo cho, pa gen anyen ki piti
Piga nou vann vott nou
Piga nou vann avni nou
Fè anpil atansyon. Pa pran move konsèy
Pa kite machann peyi chita sou gwo fotèy
Ke anpil sanzave ap batay pou li a. Ouvri
Ouvri je nou pou nou ka defann peyi Dayiti
Kite vakabon pale, kite yo rance
Yo pa kanpe sou anyen, yap pale
Mete la kòmsi ke yo se yon Bondye
Ki ka chanje le monde entier
Pep Ayisyen, piga nou domi
Ouvri je nou gran. Piga nou dòmi.
Pa bwè vye tafia ki ka ipnotize nou
An nou rele aba tout sanginè, tout vòlè
Kifou. Aba tout ipokrit, aba tout vòlè
An nou rele anmwey. Bare reskiyè, bare vòlè.

Copyright © Jiyè 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè ki ekri plizyè liv pwezi.


Haitian People, Open Your Eyes

Haitian people, open your eyes
To see what's happening in all holes
In all corners of Haiti, your country
Things are hot and big, nothing is small
Do not sell your votes to crooks
Do not sell your future to bastards
Be careful. Do not take bad advice
Do not let traitors sit on the high chair
As you know, many predators are fighting for it
Open; open your eyes to defend Haiti
Let's not talk trash, this is no joke
Let's be serious, countless lives are in danger
Ignore the pretenders who try to act like gods
Who make promises that they cannot keep
Haitian people, open your eyes and your ears
Do not blink your eyes, so you won't fall asleep
Don't drink rums that can hypnotize or zombify you
Let's be vociferous: down with the bloodsuckers, the thieves
Who are crazy.Down with all hypocrites, all highway robbers
Let's chase the traitors, the corrupt, the wasps, and the leeches.

Copyright © July 2018, Hébert Logerie, All Rights Reserved
Hébert Logerie is an author of several poetry books.

Wednesday, July 25, 2018
Topic(s) of this poem: people,people power
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success