Sonnen Tout Klòch Pou Anivèsè Ou Poem by Hebert Logerie

Sonnen Tout Klòch Pou Anivèsè Ou

Mwen pral sonnen tout klòch yo
Pou anivèsè nesans ou
Mwen pral sòti nan pòch mwen
Bèl bijou ki soti nan Bèl Ans pou ou.

Mwen pral akonpanye tèt mwen ak gita'm
Pou chame ou, chante pou ou, distrè e divèti ou
O! Wi, mwen pral klere tout lamp fanal yo
Pou resevwa ou kòm pi bèl renn nan vale an.

O! Se anivèsè nesans ou, syèl la pral plen zetwal
Aswè a ou pral penpennen nan yon bèl rob kolore
Nan restoran an, ou menm ak mwen pral bwè bon diven.

O! Bèl lemina, zanmi pam, se anivèsè nesans ou
Se fèt ou. Mil bouke flè ap nan prezans nou
O! Bèl zanmim, pou ou, map envoke tout sen yo.

P.S. Tradiksyion de ‘Sonner Toutes Les Cloches
Pour Ton Anniversaire' de Hébert Logerie.

Copyright © Desanm 2022, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon pwezi.

Sonnen Tout Klòch Pou Anivèsè Ou
This is a translation of the poem I'll Ring All The Bells On Your Birthday by Hebert Logerie
Sunday, January 1, 2023
Topic(s) of this poem: Love,anniversary,guitar,stars,flowers,birthday
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success