Viv Ou Byen Ngm Poem by Hebert Logerie

Viv Ou Byen Ngm

Pep Ayisyen di de bagay
Mezanmi se pa tripotay
Ou byen yo rele viv ou
Ou byen yo di ou
Nam gam manam
Se kom si yo tout sot Vietnam
Depi yon Ayisyen fache kont
Yon prezidan ki pa konn ront
Yo pale Vietnamyen
Ak li
Yo trete nèg sa kom yon chyen
Ki pa konn li
Nam gam manam
Al lave tèt ou nan yon lam
Lanmè. Ale kom yon chyen
Kwè yon bagay ki pa vo anyen
Viv misye ou ngm
Lè misye blèm
Minm jan ak yon gwo volè
Kap manje vie vètè
Nam gam manam
Tout politisyen mentè
Nam gam manam
Tout politisyen volè.

P.S. Mezanmi pa di betiz, di bon bagay.

Copyright © Septam 2017 Logerie Hébert, Tous droits réservés
Hebert Logerie ekri anpil pwoem.

COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success