An Reyalite, Nou Ap Mouri Poem by Hebert Logerie

An Reyalite, Nou Ap Mouri

Nou kriye, nou pè
An reyalite, nou ap mouri
Chak sezon
San okenn rezon.

Van an ap pase
Sou teras la
Avèk kòlè
Nou kriye, nou pè.

Chak sezon
Flè yo ap mouri
Sou teras la.

San okenn rezon
Van an ap pase
Nou pè, nou kriye.

Copyright © jen 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi.

This is a translation of the poem In Reality, We Are Dying by Hebert Logerie
Thursday, June 6, 2019
Topic(s) of this poem: death,fear,reality
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success