Ansdeno,24 Jen 2017, Yon Ti Refleksyon Poem by Hebert Logerie

Ansdeno,24 Jen 2017, Yon Ti Refleksyon

Jodia se 24 Jen
Mwen leve maten an
Map panse a bèl fèt lakay ke
Nou konn genyen nan Ansdeno
Anpil moun etranje. yon dividal moun rantre
Pou yo ka banbile ak tout moun yo
Anpil moun ap rejwi, anpil moun ap fete
Machan fritay ap fè kòb
Bon biznis ap mache, yap fè kòb
Tout moun gen bèl abiman sou do yo
Kwè papam te konn di: tout moun bòzò
Tout moun te abiye kwè Mesye e Madan Azò
Tout moun gin bèl soulye nan pie yo
Sak pi malerèz yo te trè pwòp
Pate gin moun sal nan la ri
Tout kè te kontan, tout moun tap ri
Ti moun tap kouri avèk dan yo pwòp
Mezanmi 24 Jen se bèl fèt lakay
Kote gen bèl parad, mizik nan tout kay
Pa gen batay nan la ri, pa gen krim
Tout kote se mizik, tout kote se vaksim
Bèl mès nan legliz Sen Jan Baptis
Se bwè soup aprè lan mès
Se bwè kleren aprè lan mès
Se foutbòl nan laprè midi
Se kèmès pou ti moun
E pi pita se gwo bal pou gran moun
Zèl nou kase mezanmi
Aprè tranblemandetè
Zèl nout tout koupe
Aprè move siklòn ki gache lavni
Tout moun e ki lage nou nan move mizè
Sak pi rèd, nou pa wè kisa leta
Fè pou yon ti pèp ki vle viv
Leta pa fè yon bon travay
Leta lakay se kreten, li fè move devwa
Leta fè yon devwa parese, yo kreten
Yo pa bay bon sekirite
Pou pèp la ka fete tèt kale
Yo toujou fè yon devwa malsen
Map di la verite
Kitem fout pale
Poum mwè si bagay yo ka chanje
Pèp la ap batay pou li siviv
Pèp la ap goumen chak jou
Chak jou pa yon bon jou
Menm jan ak 24 Jen
Chak jou pa dimanch
Pou nou nou mete men nou sou ranch
Pou nou ka taye banda. Nou bezwen
Ke peyia ale nan yon lòt direksyon
Pa dèye, douvan, devan
Pa an aryè, douvan, an avan
Pou bagay yo ka pi bon
Chak jou minm jan ak yon jou de Fête
Minm jan ak yon jou kote ke bon bagay ap fèt
Kote nou gen la paix
Kote ke tout bagay ka parfait.

Copyright © Jen 2017, Hebert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè liv de pwezi.

Sunday, June 25, 2017
Topic(s) of this poem: festival
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success