Ayiti Gen Bèl Solèy Poem by Hebert Logerie

Ayiti Gen Bèl Solèy

Refrin
Ayiti gen bèl solèy
Ayiti gen bèl plèn
Ayiti gen bèl lanmè
Ayiti gen bèl rivyè.

Ayiti gen anpil bèl fanm
Ayiti gen bon zanmann
Ayitigen bon mango dous
Ayiti gen bon kenep dous.

Ayisyen se pèp ki soufri
Ayisyen pa janm pè mouri
Se otorite nou yo ki pouri
Se dirijan nou yo ki pa bon.

Ayiti se yon bon peyi
Se otorite nou yo ki pa bon
Ayisyen se yon gran pèp
Se dirijan nou yo ki pa bon.

Pèp Aysyen se bon bagay
Se yon pèp ki pase anpil tray
Se yon pèp ki travay anpil
Se yon pèp ki pa pè bill.

Ayiti nou pap janm blye ou
Ayiti nou renmen ou anpil
Ayiti ou se yon bèl fanm
Ayiti ou se kinanm nou.

Copyright © Janvye 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè liv de pwezi e chanson.

Thursday, January 31, 2019
Topic(s) of this poem: sunset
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success