Ayiti Ke Zòt San Konsyans Yo Di Ke Yo Renmen Poem by Hebert Logerie

Ayiti Ke Zòt San Konsyans Yo Di Ke Yo Renmen

Ayiti ke anpil pitit li di ke yo renmen
Se menm moun sa yo kap fè moun wont
Se menm yo menm sa kap volè e piye peyi a
Se menm yo menm yo kap mete di fe nan mache
Se menm yo menm sa kap grenen tintin
Se menm yo menm nan kap van Ayiti bon mache
Se menm moun sa ki plin gwo kont
Nan anpil bank etranje. Se menn jouda
Sa yo ki finn van tout resous nou yo an Ayiti
Pou gran mesi: minn dor ak tout bon bagay
Ki sot nan nanan ti peyi nou an. Yo rayi
Prop peyi yo, yo vann li pou gran mesi
Yo pa janm aji nan interè pèp ki tout tan ap bay
Lavi'l gratis pou lonè peyi ke zòt finn detripe
Pille, eskanmote. Gran papa finn volè, touye, piye
E exile anpil intelèktyel ki ta ka ede ti peyi nou an
Papa voè, touye, piye, dechpiye e vann nan nan
Ti peyi nou an. Zanmi gran chat mimi miaou ap volè
Yap fè pi mal ke malfini kap simin panik, lanmò ak mizè
Lakay nou. Kounye a ti tig sa vle vinn pran piyaj menm jan
Ak tout lot frelikè ki toujou ap di ke yo renmen peyi Dayiti
Mais non, ces méchants vautours n'aiment pas Haiti
Pa gen moun ki vle e ki pou defann interè ti peyizan
Ti pèp la ke yo toujou ap imilye, souflete, grangou e ki ap soufri
Ayiti bezwen pitit ki pa ipokrit, ki pap volè e ki pap trayi li
Kilè ke nou ap gen bon dirijan ki vrèman renmen ti pèp la
Kap soufri an? . Kilè Ayiti pap gen tout ipokrit sa yo kap kraze li
Matin, midi e le swa? Ayiti nou an bezwen prezidan, majistra
Senate, depite e bon zòt ki pap volè e kap fè bon travay pou li
Ayiti ke anpil pitit li di ke yo renmen
Ap gen yon jou yon bon lame ak la polis
Kirenmen li et kap pwoteje li le matin
Midie le swa. Ayiti pa bezwen volè, arivis
Volè gramè, kidnapè, apatrid e kriminèl ki plin vis
Lagem poum ka di la verite, gen peyi kap imilye e krache
Sou Ayisyen trop. Nou fatige soufri, nou bouke, nou revolte.


Copyright © Jwen 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezèvè
Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi.

Thursday, June 28, 2018
Topic(s) of this poem: corruption
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success