Bonn Fèt Papa Desalin Poem by Hebert Logerie

Bonn Fèt Papa Desalin

Se an kreyol sèlman, mwen ka pale de Papa Desalin
Yon gran Ero, yon gwo gason ki ba nou Indepandans
Ak bann lot gwo Jean gason ki pat pè kanpe devan La Frans
Nèg sa yo batay kont tout blan franse rasis ki te vinn
Sen Domingou an Ayiti pou yo te ka kinbe desandan
Afriken yo nan lesclavaj. Mezanmi, fòk nou pa blye
Gran Papa nou Tousen ke lame fransè ya te kidnape
Yo te anprizone Tousen nan For de Jour an Frans. Mechan
Yo te petèt touye gwo Jeneral nou an an 1802. Mezanmi
Pèp Ayisyen, nou te gwo moun, nou te bat lame Leklè
Pou nou te ka gen Indepandans nou an 1804. Blan
Si tèlman bay manti. Anpil bagay nan istwa nou pa klè
Gen anpil manti nan istwa Dayiti. Papa Desalin pat pè batay
Pou la libète, pou tout nèg te libr. Frèm yo, fòk nou renmen
Peyi nou, peyi nou se tèt nou, fòk nou fè yon bon travay
Nan peyisa ke gwo nèg sa yo kite pou nou an. Fòk nou renmen
Ayisyen parey nou. Fòk nou renmen tout moun ki vle byen
Pou pèp nou ak pou peyi Dayiti. Fòk nou pa vote pou nèg ki pap fè anyen
Pou nou e pou peyia. Papa Desalin bay vi li pou tout Ayisyen
Anpil ipokrit fè konplo kont gwo nèg sa. Yo asasine Papa D sou Pon Rouj
Le 17 Oktòb1806. Jodia nap onore Papa Desalin. Nap bat koukourouj
Dèyè tout vye politisyen kap volè e ki ap piye pèp nou an
Papa Desalin bann nou fòs pou nou ka pwoteste kont tout mechan
Ki pa vle peyi Dayiti avanse. Mezanmi,pa kraze, pa brize, pa fè vyolans
Nap pwoteste, nap rele anmwey, nap fete libète, lanmou e indepandans
Peyi Dayiti. An nou onore Papa Desalin, san nou pa boule, kraze, brize e touye
Gran Papa Tousen, Papa Desalin, Tonton Petyon e lot yo ap ri, fete, selebre
Kote yo ye a. Pèp Ayisyen pa lage, saa se komansman an, batay la panko fini
Nou fenk komanse batay pou la JISTIS e pou tout Aysyen ka gen yon pi bonn vi
Se an kreyol sèlman, ke mwensantim alèz poum ka onore Papa Desalin Le Gran
Kote Jeneral yo ye kounye a yap pwoteste, yap swete pèp: bonn chans e kè kontan.


Copyright © 17 Oktòb 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè ki piblye plizyè liv de pwezi.

Wednesday, October 17, 2018
Topic(s) of this poem: anniversary
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success