Chak Fwa Mwen Wè Ou, Ti Cherie Poem by Hebert Logerie

Chak Fwa Mwen Wè Ou, Ti Cherie

Chak fwa mwen wè ou, ti cherie
Solèy la pi klere, li fè pi cho
Menm nan mitan sezon fredi.

Chak fwa mwen wè ou, ti cherie
Mwen santi'm anfom, mwen trè byen
Ou mete m 'nan yon bon santiman.

Chak fwa mwen wè ou, ti cherie
Mwen santi' m ap naje nan yon ti briz fre
Kikalme' m, ki metem nan paradi.

Oh! Ti cherie, li pa tap yon krim
Si mwen ta vle wè ou tout tan, tout tan.

Chak fwa mwen wè ou, ti cherie
Lalin lan vin pi gwo e pi li sanble ak yon nat an vlou
Bam yon ti souri pou klere' m, poum ka santi'm pi lejè.

Chak fwa mwen wè ou, ti cherie
Mwen vin pi bon ke bonbon, mwen vin dous
Rete avèk mwen lè pa gen lalin, zetwal, ak solèy.

Tanpri rete avèm chakmaten jiska midi
Tanpri, dim ke ou pral rete avèm kounye a
Tanpri, vini lè pa gen ni solèy ni zetwal e ni lalin.

Copyright © Mas 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè ki anpil pwezi.

This is a translation of the poem Every Time I See You, My Love by Hebert Logerie
Sunday, March 4, 2018
Topic(s) of this poem: love
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success