Etidyan Pran Plim Ou Poem by Hebert Logerie

Etidyan Pran Plim Ou

Etidyan pran plim ou pou ou ekri
Plim se yon gwozam, yon gwofizy
Elèv, etidyan, menm si ou fè gwo fot
Ekri, ekri, nou tout ap apran. Pa okipe zot
Etidyan pran yon fèy papye ke pèson
Pa ka dechire. Etidyan pase a laksyion
Di la verite, ekri sa ki nan panse ou
Eki la verite, di tout sa ki nan panse ou
Denonse vakabon kap volè, kap piye
Byen pèp la. Di yo ke: nou pa egare
Nou pa sot menm jan ak ti dyòlè yo
Nou konn sa ki bon, nou pa yon vye yoyo
Etidyan pa fè vyolans pou yo pa touye ou
San rezon. Fè vye politisyen yo konnen ke ou
Gin anpil pouvwa tou. Etidyan pran plim ou
Pou ou ka ekri la verite. Fok sa chanje pou
Nou tout. Pou tout malere, pou gran nèg yo tou
Nou vle jistis pou tout moun. Pou moun fou
Pou moun nan mòn, pou la jistis ka mete anba kòd
Gwo volè, ti volè. Fòk leta eradike tout vye dezòd
Nan ladministrasyon piblik. Mare volè yo
Jije vye politisyen kap volè. Mare yo, mare yo
Pa bat yo, mete yo nan prizon, fè yo peye
Baklajanke yo volè pou pèp lake yo piye
Chak jou nan magouille, nan vye kout plim
Etidyan pran plim ou, mete foto yo nan Facebook
Ekspoze yo nan Whatsapp, pa bay dim
Nan legliz kap lave sèvo pèp la. Soti nan fouk
Vagabon kriminel, ypokrit kap detwi peyi Dayiti
Etidyan pran plim ou pou ou ka chanje lavi
Tout moun ki nan ti peyi pòv sila. An nou bay
Pèp la sekirite, an nou bay pèp la espwa. An nou bay
Bon bagay. Etidyan, ou gin yon gwo zam. Ouvè je ou
Ayiti Toma se pou nou tout. Ayiti Toma se pou nou.

Copyright © Novanm 2017, Hebert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon powèt ki ekri nan plizyè lang.

Sunday, November 12, 2017
Topic(s) of this poem: pen,writing
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success