Gran Mèsi A Tout Jwè Ak Staff Concacaf 2019 Poem by Hebert Logerie

Gran Mèsi A Tout Jwè Ak Staff Concacaf 2019

Map remèsye tout jwè 2019 yo
Nèg sa yo se gran Ero
Ke yo tout ye
Yo se Grenadiers
An nou aplodi yo
Bayo sa ke yo merite
Onè, repè, lanmou
Yo fè lonè tout Ayisyen
An nou bayo anpil lanmou
Fòk nou aplodi yo
An nou bat lè men
Fò anpil. An nou aplodi yo.

Lè nou finn aplodi jwè yo
Fòk nou mande kòt kòb Petrocaribe a
Peyi a bezwen plis estad, pin manje. Pèp la
Nan grangou, nèg ki koronpi yo
Fòk yo mete yo anba kòd
Pou yo ka bay lajan Petrocaribe a
Fòk pa gen dezòd
Pou pèp Ayisyen ka jwen jistis
Fòk nou ka konbat tout vye vis.

Copyright © jiyè 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi.

Monday, July 8, 2019
Topic(s) of this poem: justice,pride,thanks
POET'S NOTES ABOUT THE POEM
Thank you to the Haitian National Football Team! ! !
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success