Jodi A Se Dimanch Poem by Hebert Logerie

Jodi A Se Dimanch

Jodi a se dimanch
Mwen pral voye anpil roz blan pou ou
Ak yon bann bèl powèm
Pou pwouve ou ke mwen renmen ou.

Yon vòlkan eklate nan kèm'
Lava ak dlo nan je mele ak lanmou
Kouvri kò mwen tankou yon vlou
Ki roulem nan yon chalè trèz entans.

Ou konnen, lè nou ap benyen nan lanmou
Mo yo pafwa gen plizyè koulè diferan
Nan lavi, fòk nou detere chans nou.

Bèl Choucoune, se pa yon erè
Lanmou se tankou yon van frwèt
Ki, pafwa, simen dè jou de kontantman.

Copyright © Mas 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se yon otè ki ekri plizyè koleksyon powèm.

This is a translation of the poem Today Is Sunday by Hebert Logerie
Monday, March 11, 2019
Topic(s) of this poem: love
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success