Jodia Se Fèt Sen Valanten An Ayiti Tou Poem by Hebert Logerie

Jodia Se Fèt Sen Valanten An Ayiti Tou

Mwen pate vle ekri jodia
Mwen pate vle esprimem jodia
Bagay yo si tèlman tris e mal an Ayiti
Bagay yo si tèlman twop nan lesprim
Mwen paka reziste ankò, paske lavi
Tout Ayisyen an danje, mwen pran yon plim
Poum ka mete tout sa ki nan kèm sou papye
Mezanmi pa gen lanmou nan mitan frèm
Ak sèm kap viv nan peyi ke papa nou sakrifye
Vil ke li te kite pou nou an. Twop vòlè krèm
Twop vòlè losti, twop koronpi finn dechèpiye
Kès leta. Sak pired se chat ki chèf kap veye mantèg
Nèg sa yo trèz ipokrit, yo se demagog, yo pa intèg
Si yo gen lanmou nan kè yo se pou yo bay talon yo
Vann kay nan Miami yo, van byen mal akiki nan New York yo
Pote lajan ke yo te vòlè e gaspiye a bak nan kès leta
Se pou yo bay peyi ya bak tout kòb Petwokaribe a
Paske twop moun ap soufri, twop moun nan grangou
Si yo gen yon kè nan lestomak yo, si yo pa fou
Se pou yo bay talon yo, pèp la ap manisfeste, yap kraze
Yap boule, yap vòlè menm jan ap bann madigra mal maske
Ki chita nan yon palman kote nèg yo pap defann anyen
Se piye, se gaspiye, se vòlè ke anpil nan yo ye. Se byen
Leta ke yap voye nan lanmè, nan dife. Peyi a plen fatra
Kap fe moun e sitou ti moun malad. Gade rat nan laria
Tout chat yo ap vòlè mantèg. Vant yo two plin. Yo pa itil
Anyen. Mezanmi, jodia se fèt lanmou, se pa fèt oken enbesil
Jodia se Sen Valanten. Sispann kraze Ayiti Toma, Ayiti Cheri
Bay peyi a yon chans. Bay dèyè nou de tap. Kite pèp la viv
Remèt kòb Petrokaribe a. Bay ti moun yo yon chans pou yo ka viv
Jodia se fèt lanmou. Nou pa bezwen bann kanaval. Nou pa bezwen
Tafia. Nou bezwen lavi, lajwa e lapè. Nou bezwen elimine tout voryen
Tout vòlè. Tout moun kap imilye pèp la e ki ap vann peyi a pou 5 kòb
Fòk yo remèt lajan pèp la. Pèp la bezwen viv, respè, lajan e tout kòb
Ki nan bank etranje ke kriminèl yo eskanmote a. O non de Sen Valanten
Nou bezwen lapè ak lanmou nan peyi Dayiti. Fòk pa gen oken tenten
Nan mitan nou. Viv Ayiti Toma. Vi Ayiti Cheri. Ayiti ap viv, li pap mouri
Fòk la polis ak la jistis fè travay li. Aba tout vòlè. Viv pèp la. Viv Ayiti.

Copyright © Fevrye 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè liv de pwezi.

Thursday, February 14, 2019
Topic(s) of this poem: valentine
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success