Jodia Se Fèt Tout Bèl Manman Poem by Hebert Logerie

Jodia Se Fèt Tout Bèl Manman

Nap fete tout bèl manman jodia
An verite, tout manman se bèl fanm
Nap fete tou tout fanm ki pa gen pitit
Pwofesè lekòl,fanm ki polis, machann rapadou
Infimyè, koutiryè, e machann tomtom ak kalalou
Nap fete tout moun ki se manmb
Yon kominote, manmb ki ap bay peyi-a
Bon jarèt, e ki konprann ke nou nan yon litt
Yon gwo litt pou bagay yo ka vinn pi bon
Pout tout pitit Bondye kap viv sou la tè beni
Tout manman se bèl fanm, se yon bon janbon
Ke Bondye ba nou, se fanm kap anrichi
La tè. Nap fete papa ki jwe ròl manman tou
Bon papa kwè papam ki te bay vili pou tout
Pitit li yo. Mèsi manman, mèsi papa. Nou tout
Benie pi nou gen anpil chans. Nap toujou
Di tout bèl moun sa yo mèsi, mèsi. Nap leve
Non yo trè ro nan syèlla. Mèsi Papa Bondye
Mèsi a tout bèl fanm ki te koud drapo nou yo
Mèsi a tout fanm ki konn chante e ki ekripou nou yo
Mèsia tout fanm ki konn lage bèl ti pawòl dous
Nan zòrèy nou. Mèsi a tout fanm ki konn devore, dechire
Nannan zòrèy nou lè nou fè yo mal, lè nou fè yo fache
Mèsi pout tout ti machann yo kap vann konparèt, bon dous
Bon bagay. Mèsi, mèsi a tout fanm ki konn batay ak la vi-a
Mezanmi anmwey, nap fete tout manman jodi-a
Mèsi manman cherie. Nou renmen ou ak tout
Kè nou. Nap respekte ou e onore ou ak tout
Nanm nou. Nou dwe ou anpil. Nap voye bèlflè
Pou ou jodia e pou rest lavi ou. Dòmi nan la pè
Mèsi manman, nou renmen tout manman
Ak tout fòs nou, ak tout nanm nou, ak tout kèn.

Copyright © Me 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi.

Sunday, May 27, 2018
Topic(s) of this poem: mother,mother and child ,mother land
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success