Konpè Filo mouri
Jean Dominique mouri tou
Konpè Filo te renmen Ayiti
Jean Dominique te renmen Ayiti tou
Tout moun ki renmen Ayiti Toma
Kita renmen yon bon chanjman fèt
Ap mouri avèk bon rèv yo nan tèt
Yo. Peyi Dayiti antrave, sa se yon gro ka
Pèp la ap soufri nan mizè, povrete, nan grangrou
Se yon peyi ki gen anpil vòlè, asasen akmoun fou
Nèg sa yo te ront anpil pou gro malpropte, salte kap naje
Nan la ri peyi Dayiti, kote gen yon bann gang anraje
Kap fè e defè, kap komèt dè krim ke Ayisyen pate konn komèt
Avan. Peyi a sal, vè, dlo sal nan la ri. Epi peyi a gen yon bann mèt
Ke se move bagay sal ke yap fè sèlman. Se touye yap touye
Kilè Ayisyen ap ka pran konsyans yo? Fòk nou ede, edike
Pèp la paske se yon premye pa vè yon revolisyion
Pou chanje peyi a. Ayiti bezwen lidè, bon moun ki gen vizyon
Menm jan ak nèg, gro lidè Dubai yo. Nan mwens yon syèk
Lidè peyi sa fè ti dezè sa nimero 1, # one. Yon tè kite trè sèk
Vinn sanble menm jan ak yon bèl owazi, yon bèl paradi
Se vizyon sa ke Toussaint, zanzèt nou yo te kite pou Ayiti
Ki pa janm arive gen gro lidè konpetan e serye pou jere
Biznis leta. Nou tout pa bezwen prezidan, senatè pou ede
Peyi a prospere, sit nan pil fatra sa. Nou bezwen ke yo sispann piye
Vòlè, gaspiye resous leta, lajan pèp la. Nou bezwen yon leta
Ki responsab, konpetan. Vè nan tout la ri. Yo pa renmen Ayiti Toma
Tout bon vre.Konpè Filo, Jean Dominique, Gasner Raymond
Manno Charlemagne, Jacques Stephen Alexis, Richard Brisson
E anpil lòt sitwayen kite renmen Ayiti. Frè sa yo mal mouri
Yo mouri mal nan gro kalkil. Yo mouri kite yon peyi kap pouri
Kote ke kriminèl ap touye moun toute la sainte journée
Mezanmi si nou renmen Desalyn, Petyon, Kristòf ak Bondye
Fòk nou edike pèp la pou nou ga gen yon lòt peyi, yon lòt Nasyon
Edikasyon se yon gro bagay, se komansman yon gro revolisyon
Pou Ayiti ka vinn tounen trè bèl e pròp kwè New York, Dubai
Mezanmi, pa blye zanzèt ak zanmi nou you ki mouri pou Ayiti
Ka yon bon peyi. Fòk nou kinbe ak bon rèv nèg avan nou yo
Fòk nou retire Ayiti nan mizè, soufrans. Fòk nou pa bliye Ero nou yo.
P.S. Mwen swete ke anpil Ayisyen al panse, al kalkile, al ekri tou.
Copyright © Out 2020, Hebert Logerie, tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.
This poem has not been translated into any other language yet.
I would like to translate this poem