Kreyòl Poem by Rosie Bourget

Kreyòl

Kreyòl pa yon lang sofistike
Men li ka fè w ri
Jouk ou bouke.

Ou pa bezwen al lekòl
Ni pale espanyòl
Pou w konprann kreyòl.

Lè w pale kreyòl
Ou pa bezwen pase nan inivèsite
Pou w kominike.

Na p fè konbit
Se an kreyòl
Na p touye kabrit
Se an kreyòl.

Lè na p kraze w griyo ak pikliz
Se an kreyòl
Lè na p di betiz
Se an kreyòl.

Lè na p bwè alkòl
Se an kreyòl
Na p pale pawòl dròl
Se an kreyòl.

E lè nap danse bal?
Se an kreyòl
Na p fè eskandal
Se an kreyòl.

Na p fè estipid
Se an kreyòl
Na p bwè w likid
Se an kreyòl.

Lè moun n okay
a p fè tripotay
Sou bòs travay
Se an kreyòl.

Lè manzè karòl
Ap manje w bon janjòl
Se an kreyòl
Lè Anòl
Ap koze ak Nikòl
Se an kreyòl.

Ou te mèt rele Renòl
Ke w rele Pòl
An nou kole zepòl
Ak lang kreyòl.

Kreyòl se yon zo devan
ou pa bezwen pran devan
Pou w rive anvan
Paske ak kreyòl
Nap toujou devan!

rb

Friday, October 28, 2016
Topic(s) of this poem: creole
POET'S NOTES ABOUT THE POEM
Poem written in celebration of International Creole language and Creole culture Day, October 28,2016.
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success