Mesaj Pou Powèt, Atis, Ak Tout Bon Ayisyen Poem by Hebert Logerie

Mesaj Pou Powèt, Atis, Ak Tout Bon Ayisyen

Mesaj Pou Powèt, Ak Tout Bon Ayisyen

Mesaj sa se pou nou tout
Powèt, ekriven, jounalis, radioman, atis, pè, militè
Komèsan, Chofè, mekanisyen, polis, doctè ak pastè
Se nou ki pou chanje bagay yo
Fè bagay yo mache kwè yon bon machin
Sonje ke nou se pitit pitit Papa Desalyn
Mesaj si la se pou etidian e elèv yo tou
Se nou ki lavni Ayiti, Bohio
E Quisqueya. Ki sa nou pè?
Balon an fèt poul nan pie nou
Pou nou ka chanje peyi Dayiti
Fok nou pa fè chimen lanfè
Chimen dwog, gangstè, kidnapè
Volè, vye politisyen, vye presidan
Pa swiw okenn pedan kap griyen dan
Kap bann ou bwè byè Prestige ak Corona
Mete avni peyi Dayiti avan tout bagay
Paske si Ayiti bon se nou ki bon. Bon bagay
Se nan kè nou ke li ye. Si Ayiti se yon diva
Se nou tout kap manje. Pa swiv vye politisyen
Do kale, po lanvè, tèt cho, tèt chat kap ironize nou
Avnipeyi -afèt pou li nan men tout Ayisyen ki
Vrèman renmen peyi Dayiti. Nèg gwo palto
Gwo vant plin ak sa nou tout konnen an, anganman
Sa yo se volè ke yo, yo se move tig, move grigri
Nèg sa yo se fanmi ak zanmi yo ke yo wè. Yo pa wè nou
Yo pa wè pèp. Yo wè poch plin ak frè e gwo lajan
Nèg sa yo pa konnen pèp. Avni peyi Dayiti, se nan men
Lidè konpetan pou li ye: doctè, pè, pastè, ouvrye
Avni peyi Dayiti fèt pou li nan men nou. Fok nou pa janm blye
Bon konsey sa.Mesaj sa trè enpotan, se pou tout moun ki
Konsène. An nou tout mete men pou sove peyi Dayiti
Ki sa nou pè? Fok nou pa pè, fok nou pa pè mouri
Fok nou pwoteje frè nou ak sè nou, fok nou pa pè pale
Fok nou pa pè poze kestyon, fok nou pa pè di la verite.


Copyright © Me 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi.

Monday, May 21, 2018
Topic(s) of this poem: change,solidarity
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success