Mwen Pap Di Orevwa Poem by Hebert Logerie

Mwen Pap Di Orevwa

Twò tris
Pou mouri
Twò fache
Pou kriye
Mwen pa ka di orevwa
Cheri, mwen pa ka bay manti.

Twò tris
Pou kriye
Twò fou
Poou mouri
Cheri, mwen pa ka bay manti
Mwen pa ka di orevwa.

Mwen te vle bo ou cheri
Mwen pral sonje ou cheri
Ange pam nan, mwen pa ka bay manti
Mwen pa ka di orevwa.

Ou kite avan tan ou
Wi, wi, sa te yon move krim
Mwen te vle manyen ou ankò
Anvan ou te ale nan paradi
Mwen pa ka kriye. Mwen pap eseye
Mwen pap eseye di orevwa.

Copyright © Oktòb 2020, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

This is a translation of the poem I Won't Say Goodbye by Hebert Logerie
Friday, October 16, 2020
Topic(s) of this poem: adieu,farewell,goodbye,kiss
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success