Mwen Pap Janm Ka Rayi Ou Poem by Hebert Logerie

Mwen Pap Janm Ka Rayi Ou

Vèb "rayi" pap janm ka
Cheri kòkòt mwen, nan vokabilè mwen
Mwen ka sèlman renmen ou le jou e lannwit
Mwen ka sèlman panse de ou tout la jounen
Aprè sa, mwen ka sèlman rève ou. Map mouri
Pou prezans ou map tan ou a midi
Lè klòch legliz la ap sonnen
Lè zwazo nan bwaap chante
Kè yo kontan sou branch yo
Toupre bèl chato moun rich yo
Mwen ka senpleman renmen ou anpil
Ti cheri. Tanpri, vini vin koulye a, isit la.

Copyright © Desanm 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se yon otè ki ekri plizyè liv de pwezi.

This is a translation of the poem I Can Never Hate You by Hebert Logerie
Tuesday, December 4, 2018
Topic(s) of this poem: love
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success