Nèg provens se nèg andeyò
Nèg kap swiv e kipa janm pè
Nèg pòtoprens toujou ap flannin sou pò
Nèg kwa bosal, nèg kidnapè
Pa bliye ke se sèl Madan Kolo
Ki moun Pòtoprens. Se nou toutt ki sott ro
Byen lwen kapital la. Nou konnen ke Ayisyen
Toujou ap pale tout tenten
Yo di tou ke nèg provens
Se nègjaden, nèg bannann
Yo di ke nèg pòtòprens
Se nèg lavil, nèg ki ka vann
Tout kalite bagay, nèg kolokent
Nèg anba tantt, ki plen fent
Nèg koken, nèg magouyè
Nèg provens anba, anba
Yo tapajè, yap fè epi yo pap fè
Yo pate konn wè fatra konsa
Lèyo te nan mònn, andeyò
Toutt de nèg sa yo aji kwè nèg lott bò
Kounye a nou mele, nou antrave
Ayisyen ap aji kwè sanzave
Yo pa vle antan yo, yo bliye
Ke Ayiti bezwen tout pitit li yo
Nou toutt se frè ak sè nou ye
Fòk nou sispann pale fatra
Fòk nou pa aji konsa
Kwè inbesil, kwè nèg sott
Ke anpil peyi ap plin ak kout bott
Ke anpil peyi ap imilye toutt tan
Anpil peyi bliye sa Ayisyen te fè lontan
Ayisyen fòk nou toujou antan nou
Pou yo pa rele nou toutt mounn fou
Se nou toutt kap pedi
Se nou toutt ke yap modi.
Copyright © fevriye 2020, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.
This poem has not been translated into any other language yet.
I would like to translate this poem