Nèg Pwovins Ap Gouvène Peyi Dayiti Poem by Hebert Logerie

Nèg Pwovins Ap Gouvène Peyi Dayiti

Yo te panse ke nèg potoprens
Te pi intelijan ke nèg pwovins
C'est ce qu'on disait parfois
C'est ce qu'on jasait autrefois
Il faut que bagay yo chanje
Je tout moun klere
Mwen konnin ke nèg an dèhor
Nèg ki soti trè fon nan nor
Pa volè, yo pa abitye volè
Nap swiv, nap gade kwè yon chat gra
Nou chita sou ti chez la tou ba
Nèg provins pa a tou fè
Nèg morn se nèg serye
C'est ce qu'on disait parfois
C'est ce qu'on jasait des fois
Kounye a minm shouèt pote linèt
Tout moun wè klè minm jan ak yon pwoèt
Nèg pwovins ap gouvène ak nèg potoprens
Se bèl bagay, se pa par chans
Kounye a nou pa ka nan rans
Se pou tout Aysyen mete tèt yo ansanm
Se pou tout pitit peyi Dayiti kanpe ansanm
Pou detwi koripsyon ak yon gwo pwazon
Se pou nou tout mare rin nou, boukle sintiron
Nou trè di pou nou ka fè bagay yo mache
Se pou tout Aysyen koopere
« L'union fait la force »
La corruption diminue la force
Fòk ke bagay yo chanje
Ayiti se peyi Bon Dye
Se pa peyi diab avèk lougarou
Ayisyen pa moun fou
Ayiti ap vini bon anpil yon jou
Pou tout moun, pou tout Aysyen
Ayiti se pou nou, se pan ou, se byen
Ke zanset nou kite pou nou
Se pou nou tout sispan aji kwè moun fou
C'est ce qu'on disait parfois
C'est ce qu'on jasait autrefois
Nou pap sispan reve
Nou pap sispan prye
Nèg pwovins tankou nèg potoprens
Mezanmi bay Ayiti yon ti chans
C'est ce que nous rêvons à présent
C'est ce que nous voulons maintenant.

Copyright © janvye 2017 Logerie Hébert, Tout dwa rezève
Hebert Logerie se otè plizyè liv de pwezi..

Friday, March 3, 2017
Topic(s) of this poem: countryside,urban
POET'S NOTES ABOUT THE POEM
Pwoem dedie a tout Aysyen!
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success