Nap Genyen Tout Batay Yo, Nou Pap Janm Pedi Poem by Hebert Logerie

Nap Genyen Tout Batay Yo, Nou Pap Janm Pedi

Kòm yon pèp, nou tonbe epi nou monte
Tankou Solèy la, tankou malfini nan yon syèl ble
Nan moman sa a, kwis nou yo trè fatige
Men nou toujou kanpe djanm pandan nou ap kriye:

Libète oswa lanmò; lavi nèg nwè enpòtan
Nou pral goumen pou bagay yo vinn miyòr
Pou tout frè ak sè nou yo a la rond badè
Paske nou ka baskile gro wòch ak gro kratèr

Nou pral evantyèlman chase lwen gro mouch yo
Ki imilye, fè nou mal, pike ak touye pèp nou an
Epi nou pral defèt rasis ki gen lang pike ak violèt yo
Nou pral genyen tout batay epi nap monte byen ro.

P.S. Se yon omaj a Dr Martin Luther King Jr - ‘Mwen Gen Yon Rèv',
‘I Have A Dream' an angle. Se 57 rekolt kafe, anivèsè diskou sila genyen.

Copyright © 28 Out 2020, Hebert Logerie, tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

This is a translation of the poem We Shall Win All Battles As We Rise by Hebert Logerie
Sunday, August 30, 2020
Topic(s) of this poem: victory,victory day
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success