Nou Pa Soti Nan Twou Twalet Poem by Hebert Logerie

Nou Pa Soti Nan Twou Twalet

Dlo soti nan je mwen
Lè mwen li kisa ke vakabon sa
Di de nou tout nèg nwa
Ke: "Nou soti nan twou kaka"
Se sa li di menm. Mwen
Fache. Sa fè mwen mal anpil
Se vagabon rasis sa ki sanble
Ak yon pil poupou
Mezanmi yo atake nou
For, trè for, nan nan nan nou
Yo frape nou di. Yo frape
Nou ak tout fos yo
An nou kanpe pou nou di la verite
Anmwey, an nou bay tout rasis
Monnin pies yo. Anmwey, anmwey
Mwen paka kinbe. Nou pap rantre
Nan manman li, paske nou gen klas
Nou se gwo moun. Neg nwa
Pas soti nan twou bouda
Nou se yon moun kwè tout moun
Nou se pitit Bondye kwè tout moun
An nou ini, an nou kanpe pou nou batay
Pou pran la ri, pou defan dwa nou
Anmwey, diab la atake zantray
Tout nèg, tout moun kipa blan. Yo atake blan
Zanmi nou tou, blan ki kanpe ak nou
Se pou misye mande nou tout padon
Se pa tout Ameriken kipa bon
Gen anpil ki pa rasis. Anmwey, an nou
Kanpe pou defan dwa nou tout
Moun fou se nan lopital ke yo dwe metel
An nou kanpe kont vagabon, rasis azizwel
Kap pale tintin, an nou defan tèt nou
Se pa pou nou pè, paske Bondye ak nou.

Copyright © Janvie 2018 Logerie Hébert, Tous droits réservés
Hébert Logerie se yon Powèt ki ekri anpil.

Friday, January 12, 2018
Topic(s) of this poem: pain,painful,racism,sadness
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success