Pep Ayisyen, èske nou konnen ki sa nou vle?
Depi kèk tan, nou chwazi vakabon, san zave
Kòm lidè, kom moun ki pou dirije peyi nou
Mezanmi, mwen konnen ke nou pa two save
Min se pou nou poze tèt nou anpil kesyon, pou
Nou ka asire ke moun nou chwazi a kom kandida a
Konpetan, si dwèt li pa two long, si li pa yon mafia
Yon zenglendo, yon eskanmòtè, yon gwo volè
Mezanmi, gen yon ban nèg ke pèp la bay pouvwa
Nèg sa yo pat dwe janm rive presidan, senatè
Depite, premye minis, majistra, ak lot pozisyon
Nan leta, paske anpil nan yo se volè, move pwazon
Nèg sa yo ap naje nan koripsyon. Nèg sa yo ap tan
Pou yo gen pouvwa pou yo ka rich. Nèg sa yo se pwa tan
Yo se parazit. Yo se predatè, yo se diab, yo se malfini
Do kale san pwèl. Pèp Ayisyen, frèm ak sèm yo
Pa vote pou madigra byen degize. Si ou renmen peyi Dayiti
Fè devwa nou trè byen. Pa swiv anganman nan dlo
Paske li pral manje ou. Rele bare volè, jije yo, Mare yo
Ak kod ke yo paka demare. Pep Aysiyen, ouvè je nou
Kale je nou nan je tout vakabon ki degize an bon moun
Veye yo, kale je nou sou yo tèt kale. Veye tout moun fou
Ki bezwen vin chef pou yo ka bat moun, pou yo ka touye moun
Anpil nan nou renmen peyi Dayiti, an nou pwoteje bon bagay
Sa ke Desalin kite pou tout Ayisiyen. Se pou nou kontinye batay
Pèp Ayisyen, frèm, sèm yo, èske nou konnen ki sa nou vle?
Ouvè zòrèy nou, ouvè je nou. Piga nou vote pou san zave.
Copyright ©, Fevriye 2018, Hebert Logerie, Tout Dwa Rezève
This poem has not been translated into any other language yet.
I would like to translate this poem