Mwen pa renmen pale konsa
Mwen pa pè pale, kitem pale
Mezanmi, mwen pa gen chwa
Kitem eksprimem, kitem di la verite
Ayè nou tap danse sou yon bann pil fatra
Nan dlo rigol santi ak yon bann malfra
Nou finn bwè kontt klerin nou ak tafia
Nou pa ronnt ke nou te al nan kanaval
Nou piafe kwè bourik, kwè jiman,kwè chwal
Nan yon la rivyè labou ki santi pi mal
Ke dechè. Nou bwè, nou manje, nou mache
Nou danse, nou respire anpil malpropte
Mezanmi, se sa ki fè ke zòt pap janm respekte
Pèp Ayisyen ki toujou ap viv nan mizè
Mezanmi sa se salòp sa. Nou gen kè
Pou nou kite fo lidèr ap pase nou nan tenten
Yo finn piye kès leta epi yo achte klerin
Tafia ak papita pou yon pèp ki malad, ki bezwen
Tout bagay.Pèp Ayisyen nou fout salòp
Paske nal danse nan yon lari ki sal, ki pa pròp
Nal banbile sou yon bann pil fatra ki trò santi
Pèp Ayisyen dim si nou pa fatigue soufri
Nou malpròp pou nal swiv vakabon kap pase
Vaz nan figi nou. Mwen tris, mwen fache
Pou nou kipa wè, nou pa konprann nan ki
Eta ke nouye. Mezanmi, sispann bwè vye pipi
Sispann swiv kriminèl, ipokrit ak machann peyi
Se pou nou chanje, pou nou ka gen yon bèl Ayiti.
Copyright © 6 Mas 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezèvè
Hébert Logerie se yon otè ki ekri nan plizyè lang.
This poem has not been translated into any other language yet.
I would like to translate this poem