Pèp Ayisyen, Ouvri Je Nou Trè Gran Poem by Hebert Logerie

Pèp Ayisyen, Ouvri Je Nou Trè Gran

Pèp Ayisyen, ouvri je nou trè gran
Pou nou ka wè e konprann bagay yo
Bagay yo pa nan plas yo, pèp la pa yon yoyo
Nou fèt poun prè pou bon e move tan
Nou pa fèt poun kwè nan Tonton Nwèl
Kreyòl pale, kreyòl konprann
Se pou nou veye e chase tout san pwèl
Kika fè nou mal, ki pa nan avantaj pèp la
Sitou politisyen tèt chat, fòk nou bayo zèl
(Eske nou tout byen konprann)
Choute yo pou yo ka retounen nan bwa
Kote yo soti a. Fòk nou ouvri je nou gran
Pròpte zòrey nou pou nou ka konprann
Sa kap pase nan tout zòn e nan tout kwen
Nou konnen diferans antre bon viand ak kwann
Pèp Ayisyen, an nou chita sou ti chèz ba nou
Pou nou ka swiv sa kap pase nan tout trou.

Copyright © Jiyè 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè ki ekri anpil liv pwezi.

Tuesday, July 31, 2018
Topic(s) of this poem: corruption
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success