Pa Gen Griyen Dan Lè Pèp La Ap Soufri Poem by Hebert Logerie

Pa Gen Griyen Dan Lè Pèp La Ap Soufri

Pa gen griyen dan nan sa lè ti bebe grangou
Pa gen gryen dan lè gwo gran moun ap krye
Pa gen gryen dan lè la ri a plen moun fou
Kap kraze vit machin yon pèp ki sinistre
Ki pa a lèz, ki paka viv byen, ki paka manje
Yap voye roch, vakabon ap tire moun kap pase
San rezon, pou plezi, pou ka intimide pèp la
Pagen gryen dan lè yap kalonnen, touye polisye
Brav gason ak fanm ki la pou pwoteje pèp la
Bagay yo two serye pou tout moun al kache
Fòk nou pa pè konfronte la vi a e tout vakabon
Kap volè, kap bay pwoblèm e kap simen twoub
Pa gen gryen dan lè tout moun ki entèlijan, ki bon
Pè rantre nan politik. Se sanzave ki san foub
San eskripil aparamman ki pase kom kandida
Nou antrave avèg ap mennen moun ki boyn
Nou ekspoze a tout vye bagay, a tout charoyn
Nan eleksyon kap vini an, fòk nou mete tout fatra
De kote, nan poubèl, paske fòk bagay yo chanje
Fòk nou vote pou kandida ki pratike fyète ak onètete
Kandida ki renmen peyi Dayiti, ki pa ipokrit, ki pap vòlè
Ki ka pratike e ki renmen la jistis pou tout moun e la pè.

Copyright © jen 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se yon otè anpil liv pwezi.

Tuesday, June 18, 2019
Topic(s) of this poem: hunger,justice
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success