Pou Anivèsè Nou An, Aswè A Poem by Hebert Logerie

Pou Anivèsè Nou An, Aswè A

Mapvini ak dlo nan jem,
Ak yon joli boukè de bèl flè,
Pou anivèsè nou an aswè a.
Chery, mwen regrèt kem an reta.
"O! Li pi bon kem an reta ke jamè."
Dous myèl, mwen byen, mwen an pè.

Mwen pral resite kèk powèm pou ou.
Mwen pral di ou mil fwa kem renmen ou,
Aprè sa, map renmen ou pou tout rès lavim.
Zetwal yo ap briye nan syèl la pou ou
Ak mwen, bèl rènn, mwen renmen ou anpil.
Aswè a se fèt la, nou nan yon bèl linn de myèl.

Copyright © jen 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se yon otè anpil liv pwezi.

This is a translation of the poem For Our Anniversary, Tonight by Hebert Logerie
Sunday, June 16, 2019
Topic(s) of this poem: anniversary
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success