San Nèg Nwa Pa Tap Gen Blan Poem by Hebert Logerie

San Nèg Nwa Pa Tap Gen Blan

Le mond pa vle aksepte sa
Pa tap gen sòs san viand sale
San nèg nwa pa tap gen blan
Anpil moun pè di la verite
Mwen pa pè pale. Mwen frekan
Mwen pap mete tout kaka bèf sila
Nan pòch mwen pou pèsonn moun
Natirèlman fòk mwen sou moun
Mwen paka sou bèt. Mwen pa pè
Pale. Mwen menm jan ak lanmè
Si pat gen nèg patap gen blan
Al mande papa solèy, mwen pa frekan
San pale anpil, powèt yo patap ekziste
Pawol yon bon powèt se pawol Bondye
Paske eskrib sa yo pa janm pè di la verite.

Copyright © Jen 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè ki ekri plizyè liv de pwezi.

Tuesday, February 26, 2019
Topic(s) of this poem: facts,history,racism
COMMENTS OF THE POEM
READ THIS POEM IN OTHER LANGUAGES
Close
Error Success