Nap piye peyi Dayiti
Epi nap chante Ayiti cheri
Nap vòlè peyi Dayiti
Epi nap fè kom si, kom si
Nou renmen peyi Dayiti
Ayiti fatige ak nou
Kote toutkòb ke nou
Te volè yo, remèt kòb la
Nou bezwen vòlè plis
Nou vle Tikola kom kandida
Tikola pap prezidan, li pap sis
Nou fatige ak tout trou vis
Sa yo kap ronje peyiDayiti
Gran papa vòlè, Tipapa vòlè
Kounye a nou vle pou pitit vòlè?
KNGM ou, wi map pale ak ou
Wi map pale ak li tou
Ayiti pa pou vann, pèp la soufri trop
Gen trop mizè nan peyi Dayiti, trop
Trop soufrans nan peyi a
Nou pa fout renmen Ayiti Toma
Lachamimi se yon ekspè nan vòlè
Pitit chat se chat, pitit tig se vòlè
Nou pa fout renmen peyi Dayiti
Nou sèlman bezwen chef poun ka vòlè
Piyaj la fini, tou vòl fini, piyaj la fini
Je pèp la klè, pèp souvren ap swiv, je pèp la klè
Nap chante Ayiti mon peyi pou nou ka vòlè
Pibyen. Dechoukaj la panko fini
Yon jou Ayiti ap libere, Ayiti, Ayiti
Ak tout pèp Ayisyen pap pedi batay si la
Viv Ayiti! Viv Pèp Ayisyen! Nou la
Nap swiv. Nap gade. Ayiti pap mouri
Vòlè yo pap sis. Ayiti pap peri
Pèp la ap aji, epi lap reaji
Ayiti pap mouri, Ayiti pap peri.
Copyright © Novanm 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se yon otè ki ekri plizyè liv.
This poem has not been translated into any other language yet.
I would like to translate this poem